Kesyonè Kominotè Vil New York pou Jistis Anviwònmantal (EJNYC)

| Resume a previously saved form
Resume Later

In order to be able to resume this form later, please enter your email and choose a password.

Password must contain the following:
  • 12 Characters
  • 1 Uppercase letter
  • 1 Lowercase letter
  • 1 Number
  • 1 Special character

Plan Vil New York pou Jistis Anviwònmantal (EJNYC)

Jistis Anviwònmantal (EJ) la se prensip ki afime ke tout moun gen yon dwa pou yo viv, travay, ak jwe nan divès kominote ki san danje, ki bon pou sante, epi ki pa prezante okenn kondisyon anviwònmantal ki danjere. 

Rapò EJNYC Biwo Majistra pou Jistis Klimatik ak Anviwònmantal (Mayor's Office of Climate & Environmental Justice, MOCEJ) la, ki te pibliye nan mwa Avril 2024, te revele ke kominote ki gen revni ki ba yo ansanm ak kominote moun ki gen koulè yo nan Vil New York souvan fè fas ak plis pwoblèm anviwòmantal—tankou pwoblèm antretyen nan kay ansanm ak polisyon akoz gwo kamyon dyezèl ak santral elektrik yo—pandan yo gen mwens aksè ak amenajman anviwònmantal tankou kouvèti forestye ansanm ak resous esansyèl yo tankou manje ki bon pou sante, ki nan pri abòdab.

Souvan, sa ki lakoz kondisyon enjis sa yo se aksyon diskriminatwa antite piblik ak prive yo, epi yo kapab lakoz gwo pwoblèm sante, pwoblèm sosyal, ak ekonomik. 
Nan objektif pou n rezoud pwoblèm sa yo, Vil New York ap elabore premye Plan konplè Vil New York pou Jistis Anviwònmantal (EJNYC) li a, epi kòmantè w enpòtan anpil pou reyisit pwojè sa a. Plan EJNYC a pral prezante divès rekòmandasyon pou divès inisyativ onivo tout vil la ansanm ak divès mezi ki espesifik ak ajans ki vize rezoud pwoblèm Jistis Anviwònmtal yo ki idantifye nan Rapò a. 
Kesyonè sa a volontè epi objektif li se kolekte enfòmasyon nan men moun New York konsènan pwoblèm Jistis Anviwònmantal (EJ) ki egziste nan kominote kote y ap viv yo, ak konsènan tout solisyon yo panse ki t ap plis pote fwi. Kit ou deside reponn kit ou deside pa reponn kesyonè a, sa pa gen dwa enfliyanse, modifye, ni afekte okenn avantaj oswa sèvis ki lye ak Vil la ke w gen dwa pou w resevwa nan men Vil New York.

Nan fen kesyonè a, ou kapab chwazi pataje enfòmasyon kontak ou pou w kapab resevwa mizajou konsènan lòt opòtinite alavni pou w kapab enfòme epi bay kòmantè w sou pwojè plan EJNYC a, k ap pibliye ane k ap vini an. Se sèlman MOCEJ ansanm ak konsiltan li an, WXY architecture + urban design, k ap gen aksè ak repons ki nan kesyonè a. Y ap regwoupe repons yo pou yo kapab analize yo, epi okenn rapò sou rezilta kesyonè a p ap gen enfòmasyon pèsonèl ladan l. 

Si w gen kesyon oswa si w vle jwenn plis enfòmasyon, tanpri, ale sou sitwèb EJNYC a oswa voye yon imèl ban nou nan EJNYC@climate.nyc.gov.

Laj


Eksperyans ou avèk pwoblèm Jistis Anviwònmantal yo

Rapò EJNYC a te idantifye ak egzamine yon pakèt pwoblèm Jistis Anviwònmantal k ap afekte kalite lavi, sante, ak byennèt moun New York ki rete nan kominote Jistis Anviwònmantal yo. Nan seksyon sa a, y ap mande w pou idantifye pwoblèm Jistis Anviwònmantal ki genyen nan kominote w la ki plis trakase lespri w yo epi pou w dekri eksperyans ou avèk pwoblèm Jistis Anviwònmantal ou te seleksyone yo. 


Ou kapab sote nenpòt kesyon w pa anvi reponn.

Kilès nan pwoblèm Jistis Anviwònmantal sa yo ke nou egzamine nan Rapò EJNYC a ki plis prezan nan kominote w ap viv la? Tanpri, seleksyone tout sa ki aplikab. 

Pwoblèm Jistis Anviwònmantal yo repati nan youn nan sis domèn enterè ki endike annapre yo.
Aksè ak Resous; Aksè ak Lojman ki San Danje epi ki Bon pou Sante; Ekspozisyon ak Chanjman Klimatik; Ekspozisyon ak Lè ki Polye; Ekspozisyon ak Dlo ki Polye; Ekspozisyon ak Sibstans ki Danjere.








Ou te rive seleksyone twa pwoblèm maksimòm. Pou w kapab chwazi yon lòt pwoblèm, ou dwe dekoche youn avan.
Pami pwoblèm Jistis Anviwònmantal ou te seleksyone yo, tanpri, seleksyone jiska twa nan pwoblèm ki plis trakase w yo.



























Tanpri, PIGA w ajoute okenn enfòmasyon k ap pèmèt yo idantifye yon moun pèsonèlman (pa egzanp, non, adrès, nimewo telefòn).

Tanpri, PIGA w ajoute okenn enfòmasyon k ap pèmèt yo idantifye yon moun pèsonèlman (pa egzanp, non, adrès, nimewo telefòn).

Enfòmasyon Demografik

Nou poze kesyon sa yo pou nou kapab pi byen konprann kiyès k ap reponn kesyonè a. Reponn kesyon sa yo totalman opsyonèl. Ni Vil la ni MOCEJ pa pral pataje repons ou yo.  



Mèsi!


Lè w ranpli kesyonè sa a, sa pa garanti okenn rezilta patikilye. Objektif fòmilè sa a se enfòme w sèlman.